Sèvis nou yo
Pwodiksyon odyovizyèl pwofesyonèl, adapte ak bezwen w
Konnection Media ofri yon seri sèvis pou moun, òganizasyon ak biznis. Chak demann resevwa yon evalyasyon selon bezwen reyèl pwojè a — pa gen pri estanda, men gen yon repons klè.
Kouvèti evènman
Nou kouvri festival, konferans, konsè, vant-siyati ak aktivite kominotè ak espòtif, sou plas, ak foto ak videyo.
Repòtaj ak entèvyou
Repòtaj sou teren ak entèvyou ak moun ki gen enfòmasyon enpòtan pou piblik la, trete yo ak serye ak respè.
Filmaj
Pran view videyo pwofesyonèl pou evènman, pwojè oswa kontni espesyal ou yo.
Montaj videyo
Montaj ak finisaj videyo pou bay kontni ou yo yon rezilta klè ak pwofesyonèl.
Pwodiksyon kontni pou rezo sosyal
Kontni fèt espesyalman pou fòma rezo sosyal yo, adapte pou chak platfòm.
Transmisyon an dirèk
Transmèt evènman ou an dirèk pou piblik ou a ka swiv li kèlkeswa kote li ye.
Videyo piblisite ak pwomosyon
Kreye videyo piblisitè ki fè konnen pwodwi, sèvis oswa mak ou a.
Patenarya medya
Kolabore ak Konnection Media pou bay vizibilite yon kòz, yon mak oswa yon evènman.
Enterese nan youn nan sèvis sa yo?
Voye yon demann devis, n ap reponn ou avèk yon evalyasyon klè.